Pwogram yo


Kou Anglè pou Moun ki Pale Kreyòl Ayisyen

Klas pou débutan: Chak dimanch a 4è aprèmidi

Fòmasyon endividyèl: Disponib sou demann.

Tanpri voye yon imèl bay newcomercoalition@gmail.com epi fè nou konnen si ou ta prefere rantre nan yon klas (~25 moun) oswa si ou prefere ansèyman endividyèl, ansanm ak nivo ou ye kounye a (debutan, entèmedyè, oswa avanse).

Si demann lan ogmante pou elèv ki nan nivo entèmedyè ak avanse, yo ka kreye yon klas, men pou kounye a, tanpri mande pou ansèyman endividyèl.

Karakteristik

  • Leson anglè konplè nan tout nivo pou ede nouvo moun yo rive nan nivo edikasyon siperyè epi pou yo ka monte nan nivo sosyal.
  • Tout leson yo se leson vityèl e GRATIS.
  • Se pou w respekte moun, se pou w janti, epi pwofite pwosesis aprantisaj la!